promo
Pawòl Kreyòl: Revi literè Sosyete Koukouy PDF  | Print |  E-mail

Ak Mi

chel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)*

Literati: Pwezi Kreyòl Ayiti, se tit Pawòl Kreyòl Vol. 3. Pawòl Kreyòl se yon kreyasyon Sosyete Koukouy, premye mouvman literè òganize nan branch kreyòl literati Ayiti a. Sosyete Koukouy soti anndan Mouvman Kreyòl ayisyen depi nan ane 1965. Bi òganizasyon an se travay avèk tout moùn, tout enstitisyon epi ak Leta ayisyen tou, pou avansman lanng kreyòl ayisyen an anndan Ayiti kou nan peyi etranje.

Prensipal objektif Pawòl Kreyòl se kreye yon espas pou pèmèt tout kreyolis ak tout lòt kreyatè pataje refleksyon oubyen pwodiksyon yo ak tout lektè lanng kreyòl la : Ayisyen kou etranje.
Nan premye nimewo Pawòl Kreyòl la, prensipal objektif komite redaksyon an se te prezante Sosyete Koukouy, tout branch li yo ansanm avèk tout ekriven ki pwodui nan Koleksyon Koukouy.
Dezyèm nimewo Pawòl kreyòl la se te yon nimewo ki te koresponn ak sikonstan ane 2010 la, kote tranbleman tè a te kraze Pòtoprens ak vil ki alanout li yo. Nan nimewo 2-a, tout tèks ki te nan kategori kreyasyon literè yo – Istwa kout, lèt, pwezi- te chita sou sitiyasyon lavi pandan epi apre tranbleman tè a. Nou te pwofite mete kèk presizyon sou dosye òtograf kreyòl la ak Doktè Gérard A. Férère.


Kanta twazyèm nimewo Pawòl Kreyòl la, li chita prensipalman sou pwezi kreyòl Ayiti a. Menm jan ak nimewo 2-a, li genyen yon seksyon antoloji, yon seksyon byografi / temwayaj, yon seksyon literati. Seksyon literati a gen save kou Pwofesè Maximilien Laroche ki ekri sou rechèch etnomizikològ Alan Lomax te fè Ayiti epi li genyen tou travay teyorik sosyete Koukouy sou pwezi kreyòl Ayiti a. Tèks sa yo parèt anba plim Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukourouj) ansanm ak Jan Wobè Plasid. Nan seksyon revi a, ki ap pale sou sosyete nou an, komite redaksyon te mande ekspè kou Pwofesè Frenand Léger nan Toronto University, Lemète Zephyr nan Fakilte lengwistik aplike epi Yvon Lamour, konseye pedagojik nan Lise Cambridge Rindge and Latin School, Cambridge Mass, pou yo te mete lide yo atè sou kreyasyon Akademi kreyòl Ayiti a.
Nan nimewo twa Revi Literè Pawòl Kreyòl, nou deside mete pwezi alonè, paske pwezi se kategori literè, kote nou jwenn plis zèv ki ekri an kreyòl. Men, nou dwe di tou dezyèm gwo rezon ki ankouraje nou soti nimewo sa a sou pwezi, se paske pa janm genyen okenn travay teyorik an kreyòl ki soti sou pwezi kreyòl Ayiti a. Nou te deside leve defi sa a apati divès refleksyon ki soti nan travay ekriven Sosyete Koukouy yo epi ki jwenn aplikasyon yo, tou, nan travay powèt kreyòl ki pa anndan Mouvman literè Sosyete Koukouy, premye mouvman literè ki ekziste nan branch kreyòl literati Ayiti a.


Lè nou louvri seksyon literati Pawòl kreyòl nimewo 3-a, nou ap jwenn enfòmasyon sou branch oral literati kreyòl Ayiti a, nou va jwenn tou enfòmasyon sou divès fòm pwezi kreyòl nou devlope sou fòm teyorik nan Sosyete Koukouy : Fòm pwezi wongòl, fòm pwezigram ak fòm fantezi.


Pi plis toujou, yon moùn, ki vle anseye kategori pwezi nan lanng kreyòl la, va jwenn yon seri tèm teknik nan kategori pwezi avèk tèks an kreyòl kòm demonstrasyon . Pami tèm teknik sa yo, nou kab nonmen : Metafò, sinestezi, Anadiploz, kyas, omeyotelet, eko son, dyafò, eksetera. Majorite tèm nou defini yo chita sou divès teknik yon ekri ka chwazi pou li mete repetisyon nan vè pwezi li.
Seksyon antoloji, ki anndan Pawòl Kreyòl nimewo 3-a, chita sou tèm lanmou. Tèm lanmou an parèt sou plizyè fòm anndan antoloji a. Lanmou pou peyi ( Moriso-Lewa, Vilbrun Romulus), lanmou tandrès ( Frantz Benjamin, Lenous Suprice, Sito Cavé), lanmou pou manman ( Manno Charlemagne), lanmou pou papa ( Pascale Millien-Faustin), lanmou pou lanng kreyòl la ( Manno Ejèn).
«Nan seksyon antoloji Pawòl Kreyòl la … nou vle demontre powèt nou yo trete sijè lanmou an sou plizyè fòm. Yo ale pi lwen pase lanmou nan nivo sansyalite. Konsa, nan tèks nou chwazi yo, lanmou piwete sou tout kalite teren… ( Pawòl Kreyòl» p. 18.


Avèk twazyèm nimewo Pawòl Kreyòl sa a, nou bay tout lektè ak tout editè okazyon pou yo dekouvri kalite bèlte pwezi kreyòl Ayiti a pote nan tout fondas li. Konsa, nou kwè, ansanm, nou va pran swen richès literè sa a ki kontinye ap nouri imajinè kolektivite nou an. 


*Michel-Ange Hyppolite ( Kaptenn Koukououj) se manm fondatè Sosyete Koukouy Kanada