Chapo ba pou Tim Tim Jaden Kreyasyon

Chapo ba pou Tim Tim Jaden Kreyasyon

Pousantaj ekriven ayisyen ki ekri liv pou jèn yo pa anpil. Se sa fè nou aplodi efò Pascale Millien- Faustin ap deplwaye pou ede Konble vid sa a. Anplis responsablite li antan lidè kominotè, fon- datè Sosyete Koukouy Connecticut, pwofesè dans fòlkorik, fon- datè Haitian Women Association of Connecticut ( Asosiyasyon Fanm Ayisyen nan Connecticut), Pascale Millien-Faustin pibliye yon dezyèm liv li an kreyòl ki rele Tim Tim: Jaden Kreyasyon.

Se yon koleksyon istwwa kout jèn kou granmoun k ap apresye.

Se kolaboratè nou Dr. Claudy Delné ki ekri pòsfas liv sa a. Se yon plezi pou nou pataje kòmantè l yo avèk lektè The Haitian Voice.

FÈMEN PÒTAY

Depi dik dantan, limanite te toujou santi bezwen rakonte reyalite ki antoure l ak nesesite pou kite eritaj kiltirèl pou jen- erasyon aprè yo. Se sa k fè moun pa ka viv san istwa ki se mak fabrik tout sivilizasyon ak sosyete atravè tradisyon oral ki toujou reziste panzou lekriti. Gen plizyè fòm yo rakonte istwa ki pase dantan, li ka pran fòm kont, fab, parabòl, kwonik, pwezi, chan- son, lejann, teyat, e latriye.

An Ayiti, yonn nan fòm sa se lodyans, ki se yon varyete menm fenomèn rakontajnou ka jwenn nan zile karayib yo oubyen tout kote ki te gen kominote esklav. Se obsèvasyon sa a ki fè tey- orisyen Georges Anglade te di lodyans te jwe menm wòl sou plantasyon chan kann nan zantiy yo ak blues nan chan koton nan Eta Sid ameriken yo.

Travay sou lodyans ekri, ki se pòtrè sosyal yon pèp, manke anpil lakay nou. Kidonk, Pascale Milien-Faustin vin konble yon vid nan pwodiksyon literè nan lang manman nou ak Tim Tim : Jaden Kreyasyon. Se yon travay orijinal ki kontinye tradisyon oral anpil kritik literè rele lodyans. Yon fòm ekspresyon ki te pran nesans sou bitasyon kolonyal kote esklav oswa mèt lapawòl yo te konn itilize kòm mòd atistik pou bay sans ak yon vi malouk ki te depatacha moun epi barikade lesperans.

Nan koleksyon kont sa a, lektè yo ka idantifye tèt yo ak chak pèsonaj oubyen sityasyon ki raple pwòp anfans yo. Non sèlman chak istwa nan Tim Tim: Jaden Kreyasyon vin ak yon pwovèb spesifik ki motive lektè yo al eksplore leson oswa moral otè a vle fè pase, men tou, yo ka degaje pwòp konklizyon yo pou patisipe nan èv kreyasyon sa a. Mwen swete kontribisyon orijinal otè a ka enspire chak moun nan domèn pa yo pou bouche twou nan pwogram ki egziste oswa konble resous pedagojik ki manke nan klas ak lekòl yo. Istwa kout sa yo ka enterese tout moun ki renmen fiksyon nan lang kreyòl oswa literati an jeneral.

Claudy Delné, Ph.D.

Otè, Kritik literè, Anseyan, Manm Sosyete Koukouy Connecticut

Sed nec blandit nibh. Pellentesque commodo suscipit gravida. Sed sit amet ex sed mi dignissim elementum in ut quam. Vivamus laoreet non mauris eget mattis. Nam turpis orci, consectetur vel accumsan sed, condimentum at sapien. Nunc ut egestas neque, eu hendrerit lacus. Suspendisse fermentum congue dui nec fringilla. Duis volutpat nunc lectus. Suspendisse potenti. Suspendisse egestas venenatis nunc. Donec at laoreet lacus.

Pellentesque habitant morbi tristique senectus et netus et malesuada fames ac turpis egestas. Aliquam quam elit, mollis at odio gravida, ultrices pulvinar justo. Vivamus eleifend mollis dolor, et ornare turpis vehicula in. Pellentesque auctor ac enim sit amet euismod. Ut eu accumsan nunc. Nam ultrices, orci a volutpat molestie, ipsum magna posuere ex, vel lobortis dolor purus tristique purus. Integer arcu libero, feugiat non eros vel, aliquet sodales justo. Aliquam lobortis efficitur velit, vel tempor dui iaculis non. Mauris non ullamcorper leo. Nulla consectetur arcu eget condimentum auctor. Aliquam sagittis dictum augue. Duis fringilla nec augue eu laoreet.

Leave a Reply

Your email address will not be published.