Flè Zili
Pou tout fanm zorye m ekri non yo.
ki kote pou m pi renmen ou
ki kote pou m satiyet ou
ki kote pou m pi jofre ou
ki kote pou m pi renmen ou
èske se anba zesèl ou
èske se anba pla pye w
ki kote pou m jofre w
lè tout mo yo vid kou kalbas
mwen lave je m ak pawòl ou
mwen lave je m ak lawouze w
mwen lave je m ak san ou
mwen son chòvsouri
mwen vole toupatou arebò vil yo
mwen vole toupatou arebò simityè yo
mwen vole toupatou arebò rèv ou.
ouvè kò w pou kò w ka twonpe lanmò
ouvè kò w pou kò w kite mizik
ouvè kò w pou kò w kite lonbray
ouvè kò w pou kò w kite kò l
ouvè kò w pou kò w ka bay yon ti lalin woulib
pou li ale kote li vlesan kondisyon,san di petèt.
ki kote pou m pi renmen w
fle zili…
André Fouad